Connectez-vous S'inscrire
TapTapMag.com

Prezantasyn logo ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen


Notez
2 Décembre 2016



Prezantasyn logo ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen

Plim ki nan men nèg mawon an 
Depi 4 desanm 2014, dat enstalasyon ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an, Akademisyen yo ap chache yon logo ki pou voye imaj Akademi an bay Ayisyen parèy yo. Logo a te genyen pou l di ki misyon, ki filozofi Akademi an.

Se pa t yon travay fasil, se pa 2 ni 3 logo ki pase devan je Akademisyen yo. Li te difisil anpil pou Akademi an te jwenn yon logo ki ranmase santiman pifò Akademisyen nan fason yo viv wòl Akademi an anndan sosyete a.

Finalman, Asanble estwòdinè jen 2016 la pran desizyon pou li lanse yon konkou logo ouvè pou tout moun. Lansman konkou a te sible jèn yo sitou; ak lide se jèn yo k ap pote flanbo a, se jèn yo ki pou pwojte tèt yo nan logo Akademi an. Malgre sa, desizyon pou Akademisyen yo tonbe sou yon logo tout Akademisyen yo asepte, sa vle di rekonèt tèt yo, rekonèt Akademi an ladan l, pa t fasil.

Logo Konsèy Akadministrasyon Akademi an chwazi a, sòti nan yon seleksyon 3 finalis plis yon repechaj ki te frape imajinasyon sèten Akademisyen. Sa ki te domine nan chwa yo se imaj PLIM pou nou ekri a ak imaj Nèg Mawon an ki se senbòl volonte rezistans pèp ayisyen an. Yon maryaj ant volonte pou nou ekri istwa nou ak plim nou epi volonte rezistans nou.

Lè nou mete PLIM nan nan moman n ap viv la. Li vle di zouti ideyolojik nèg mawon an te bezwen an ki pou te pote vwa li, pote pawòl libète a pi lwen pase lanbi a, pi lwen pase rèl nou anba kout raso kòmandè a. An 1804, nèg mawon an te bezwen plim nan pou liberasyon nou te total, li te bezwen plim nan pou pawòl liberasyon an te mache antre toupatou sou latè. Se djòb PLIM nan, fè pawòl la mache.

Se paske nèg mawon an pa t gen plim li nan men l, ki fè elèv lekòl pa konnen si nou envante yon lòt modèl sosyete, se paske desandan mawon yo pa t gen plim nan men yo ki fè pèsonn pa konnen si nou envante yon lòt vizyon pou limanite, se paske se pa nou ki gen plim nan ki fè pèsonn pa wè si nou envante yon lòt sivilizasyon.
?

Lè meriken debake an 1915, yo jwenn nou san ideyològ ki pou defann valè kiltirèl nou. Yo jwenn bayè lib, yo foure sa yo vle nan tèt nou. Paske nou pa t gen plim nou an 1804, paske se lòt moun ki pote plim nan ba nou an 1860, depi jou sa yo, jouk jounen jodi a, lang nou pa lang pou yo, kilti nou pa kilti pou yo, istwa nou pa istwa pou yo, sivilizasyon nou pa sivilzasyon pou yo.

Jounen Jodi a, Akademi Kreyòl Ayisyen an revandike, e li revandi ke li fò, dwa pou pèpaAyisyen vin mèt desten li, nan fouye, nan chache konprann, nan chache konnen. Se plim nan ki pou pèmèt nou pase flanbo a bay nouvo jenerasyon yo.

Si nou pa pale pou tèt nou an byen, ki moun k ap rann nou sèvis sa a. Jodi a, si nou gade akote nou la a, pèp Kiben k ap antere yon potorik gason ki jwenn plas li nan mitan grannèg ki fè listwa limanite, lè nou gade diyite, fyète pèp kiben ap selebre Fidel Kastwo, nou ta gendwa kole batay pèp kiben an ak batay pèp pa nou an, paske se de may ki nan menm chenn liberasyon limanite. Men pi bèl toujou, se ak pwòp plim pa nou, se nan pwòp lang pou nou kontinye repete pawòl ki te fè zansèt nou yo kanpe doubout. Ki pawòl ? 
Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

Pa gen itopi (rèv chanjman) lòm envante ki ka ale pi lwen pase pawòl sa yo ki sòti nan bouch zansèt nou yo. Se plim nou ki pou pote pawòl sa yo jouk nan fon konsyans tout moun k ap viv sou latè.



AUSSI Sur TapTap Magazine
< >

Mardi 12 Décembre 2017 - 07:13 Biographie de Manno Charlemagne

Mercredi 29 Novembre 2017 - 11:50 Dj lovymix à la conquête du monde


Publicité







Facebook

Publicité