Connectez-vous S'inscrire
TapTapMag.com

Ann bay lang ak kilti Kreyòl la jarèt pou peyi a vanse


Notez
28 Octobre 2016

Yon dèt k ap fè n vin pi rich !
Ann bay lang ak kilti Kreyòl la jarèt pou peyi a vanse.

​Jodi a n ap selebre yon lòt fwa ankò, ak plizyè lòt peyi, de (2) bagay ki enpòtan anpil pou nou kòm moun, kòm pèp. N ap selebre lang ak kilti kreyòl la. Jounen 28 oktòb la se yon okazyon anplis pou n retire chapo byen ba devan anpil moun ki soude ak sa n genyen lakay, devan anpil moun k ap goumen pou leve lang ak kilti kreyòl la byen wo. An menm tan, se okazyon pou n bay lang ak kilti sa a jarèt, yon lang ak yon kilti ki simante yon latriye moun ki gen yon menm istwa.



Lang kreyòl la mennen n tou dwat nan kilti kreyòl la. Kilti kreyòl la mennen n tou dwat nan lang kreyòl la. Youn se ganmèl, lòt la se kiyè. « Kiyè al kay ganmèl, ganmèl al kay kiyè ». Sa vle di: gen bon jan relasyon ant yo de a. Fòk ou konn kilti a pou w byen konprann lang nan, lang nan ede w byen konprann kilti a. Se youn antre nan lòt; men tou, youn pa mache san lòt. Se yon fason pou n di se pa pou granmesi yo pa selebre chak apa; men, yo selebre tou lè de ansanm.

Lang kreyòl la se zouti kominikasyon plizyè milyon moun k ap viv toupatou sou planèt la. Se li yo genyen pou yo fè pase yon enfòmasyon, yon konesans osnon yon emosyon ; pou yo kreye yon mwayen pou youn konprann lòt ; pou yo kreye yon relasyon pou yo dyaloge pi souvan osnon pou yo retounen sou yon dyalòg ; pou yo genyen yon enfliyans sou yon lòt moun pou yo pouse l aji ; epi pou yo bay idantite, montre pèsonalite n, pou moun ka konnen yo.


Sa pa yon sekrè pou okenn moun: lang kreyòl la charye yon istwa, yon istwa ki gen pou wè ak ranvèsman yon sistèm mondyal ki te chita sou souse san moun sou baz koulè po. Se lang kreyòl sa a esklav yo te kreye a ki te pèmèt yo mete lide yo ansanm. Se nan mete lide yo ansanm yo ka aprann moun nan plizyè kontinan ki sa sa vle di « moun ». Se konsa Zansèt nou yo te montre se pa koulè ak klas sosyal ki fè moun; men, se tout moun ki moun, kèlkilanswa diferans koulè, kwayans elatriye.
Se nan demach sa a zansèt yo te rive kase chenn esklavaj. Se nan zantray lang sa a nou jwenn lide libète, egalite ak tèt ansanm. Se nan kontèks sa a nou pran libète n. Se nan kontèks sa a lanbi yo te kònen libète ann Ayiti anvan libète sa a fè eko nan zòrèy tout moun alawonnbadè.Lang kreyòl la charye sa k gen pou wè ak kilti peyi n, ak lafwa n. Li antre jouk nan santiman relijye lè n ap fè tranzisyon nan sijè lè n ap kominike. « Kite kantik, pran priyè. M t al lakay li wi ». Gramè kreyòl la pa nan prejije gason kont fanm. Nan gramè kreyòl la detèminan yo ( « youn » , « la »…) ak pwonon yo («li », « yo » …) pa ni maskilen, ni feminen. Sa se youn nan patikilarite kreyòl la.

Lang ak kilti kreyòl la fè pati Patrimwàn nou. Patrimwàn sa a se lanati ak Zansèt nou yo ki te ba nou l e li te koute Zansèt nou yo san ki te nan venn yo. Se sa k fè nou dwe pwoteje kilti ak lang kreyòl la. Fòk nou konsève yo, fòk nou travay pou n leve yo pi wo, fòk nou ba yo jarèt. Se pa sèlman yon devwa, men, li dwe yon reflèks. 
Travay pou kreyòl la se yon dèt moral toutotan san kreyòl la ap koule nan venn nou, toutotan mwèl kreyòl la ap sikile nan zo n, toutotan nou makònen ak lang sa a. Peye dèt sa a p ap fè n pi pòv. Men, l ap fè nou rich nan tout sans. Pa janm bliye sa : Patrimwàn nou an se yon mèvèy.

Si n te pran san n pou n antre plis toujou nan nannan lang ak kilti kreyòl la, pou n ba yo valè yo genyen an, gen yon latriye pwoblèm nou te ka pa genyen nan sa k gen pou wè ak sitiyasyon sosyal, politik, ekonomik ak kiltirèl peyi nou. Gen yon latriye pwoblèm nou t ap rezoud deja. Konsa tou, t ap gen plis entegrasyon sosyal, tout kouch nan sosyete a t ap ka rive fè pwogrè sa a anpil moun swete a. Nou t ap ofri plis timoun plis chans pou yo reyisi nan lekòl.

28 oktòb 2016 la se yon okazyon anplis pou n wè ki sa n ka fè, ki jan n ka travay pou n voye lang ak kilti Kreyòl la monte pi wo, byen wo. Se yon okazyon pou n repanse richès sa yo ki nan nannan lang ak kilti kreyòl la, pou n repanse ki jan n ka sèvi ak richès sa yo pou n elimine kèk vye abitid ak pratik ki nan enkonsyan kolektif nou, ki anpeche n vanse, ki anpeche nou tout fè youn menmsi gen diferans.
Si n pa fè sa, kilès k ap fè l pou nou ?


AUSSI Sur TapTap Magazine
< >

Mercredi 7 Décembre 2016 - 13:34 Adieu Black EZ !


Publicité







Facebook

Publicité